kijan pou conseve tout kontak yo sou android

X

Bay ide ou sou atik ou sot li a




Koman pou konseve kontak ki sou android ou.

Nou pral montre ou plizye fason pou konseve tout kontak ou yo sou

  • Email ou
  • Yon kat memwa
  • Google drive

1- Men kijan pou konseve kontak ou yo sou yon kont Gmail

  • Ale nan meni >>
  • klike sou repetwa
  • klike nan meni ki genyen 3 ti pwen vetikal la
  • klike sou jere kontak yo
  • klike sou Copie
  • Jis klike sou Email ke ou vle a.
Du: Se kote kontak ou yo ye a, Vers se kote ou ap voye yo a.

2- Kijan pou konseve kontak ou yo sou yon kat memwa?

  • Ale nan meni
  • Klike sou Repertoire
  • Klike nan meni ki genyen 3 ti pwen vetikal la
  • Klike sou Gerer les Contacts
  • Klike sou sauvegarder
  • Klike sou carte SD + ok
  • Klike sou tout selectionner
  • Klike sou sauvegarder
  • Klike sou sauvegarder pou konfime
  • Antre yon non pou fichie a +ok
Pou transfere yo sou lot telefon, wap jis ensere kat memwa sou lot telefon nan, epi wap jis klike pou ouvri fichye ki en vcf lan.

    Pou kapab jwenn fichie sa,

  • Ale nan Gestionnaire de fichiers
  • Nan meni an, klike sou carte SD

W’ap jwenn yon ti fichye ki genyen non ou te bali a. EX: mes contacts.Vcf

3- Kijan ou kapab konseve kontak ou yo, sou Google Drive

  • Klike sou Drive
  • Klike sou bouton ki genyen plis ( + ) nan mitan li an
  • Klike sou dossier
  • Bay dosye a yon non, klike sou Créer
  • Klike sou dosye ou te kreye a
  • Klike sou bouton plis ( + )
  • Klike sou importe/televerser
  • Klike sou ti fichye .Vcf la

Pou rekipere kontak sa yo sou yon lot telefon, w’ap antre menm Email ou an, sou nouvo telefon nan ;

  • Ale sou Drive
  • Ouvri dossier ou te kreye a
  • W’ap jwenn fichye ou te enpote a w’ap klike sou ti meni ki genyen 3 ti pwen bo kote fichye a, klike sou telecharger.

Mwen espere ke atik sa ede ou e ke wap ka pran yon grenn minit pou edem pataje li ak lot zanmi, pa blye klike sou bouton anba, pou ou ka kite ide pa ou sou atik la epi pou ka toujou resevwa atik nou yo.

0 Ruban Lepoete:

Enregistrer un commentaire

Membres

Nombre total de pages vues

Messages les plus consultés

ttr_slideshow

Flag Counter

Libellés